Vil Nouyòk bay pèmi pou pakin ak pou vwayajè ak tout kalite moun: patikilye, ajans k ap travay pou gouvènman an ak òganizasyon yo. 

Pi ba a, w ap jwenn yon apèsi pèmi ke NYC DOT bay pou pakin ak pou vwayaj. Pou w ka konnen ki jan pou w fè yon demann pèmi, ou ka vizite yon paj sou sa, pou w konn kòman pou w aplike.



Pèmi Pou Moun Ki Andikape Yo

Pèmi Pou Pakin Pou Moun Ki Andikape Yo Nan NYC (NYC PPPD) – Yo bay moun ki gen yon andikap dirab ki agrave mobilite pou l pakin nan lari NYC. Y ap fè konsiderasyon sa a pou moun ki pa chofè yo tou, tankou timoun yo konsidere ki andikape yo. Pèmi sa a pèmèt ou pakin nan lari NYC Nan zòn kote yo di moun pa dwe pakin ak nan lòt espas kote yo entèdi sa. 

Aprann plis konsènan Pèmi Pou Pakin Pou Moun Ki Andikape.

 

Pèmi Tanporè Pou Pakin Nan Lari (Tanp. NYC PPPD) Yo bay pèmi sa a pou yon peryòd twa (3) mwa sa ap bay tout moun ki gen posiblite pou yo gen pèmi sa a tann pou Depatman sante ak ijyèn mantal ka rekalifye yo ankò NYC (DOHMH).

 

Pèmi Pou Pakin Nan Vil Nouyòk (NYS – Etikèt Ble) – pèmi sa a ka dire jiska senk (5) ane pou yon moun ki andikape ki gen rezidans NYC e ki jwenn otorizasyon nan men yon doktè Leta NYC rekonèt nan depatman an. Nan NYC, ou ka itilize pèmi sa a pou pakin nan espas ki gen senbòl aksè entenasyonal, ki pa nan lari oubyen kote ki gen teren prive sèlman.

Aprann plis sou Pèmi Pou Pakin Nan Vil Nouyòk.

 

Pèmi Pou Pakin Tanporè Nan Vil Nouyòk (Tanp. NYS – Etikèt Wouj) – yo bay li pou yon peryòd sis (6) mwa pou moun ki gen difikilte pou yo mache pandan yon ti tan. Li pèmèt yon moun ki gen yon pèmi tanporè ki ekspire ka fè demann pou l jwenn yon lòt ankò.

 

Pèmi Pou Ajans K ap Travay Pou Gouvènman an

Pèmi Pakin Pou Ajans Pwofesyonèl (ABPP) – yo bay pèmi sa a ak moun k ap travay nan gouvenman an ki bezwen pakin nan lari lè y ap regle aktivite ofisyèl. Yo ka itilize pèmi sa a pou pakin pandan twa (3) zè nan espas yo entèdi moun pakin, kote kamyon ap chaje ak nan lòt espas ki rezève. Se pa se pa mwayen chak ajans ki fè kontak ak NYC DOT yo yo dwe bay pèmi sa a epi NYC DOT ap distribiye yo atravè ajans anplwaye a.

Aprann plis sou Pèmi Pou Pakin Pou Ajans Pwofesyonèl.

 

Pèmi Pou Pakin Ajans Tout Vil La (CAPP) – Se chèf ajans yo ak adjwen yo yo bay pèmi sa a pou si yo bezwen pakin pandan y ap regle aktivite ofisyèl yo.

Aprann plis sou Pèmi Pou Pakin Pou Ajans Tout Vil La.

 

Pèmi Pou Pakin Pou Ajans Ki Gen Otorizasyon (AAOSP) – Se moun k ap travay nan gouvènman an yo bay li ak moun ki nan pèsonèl lekòl prive yo k ap fè plizyè pakou ki ka bezwen pakin nan lari nan espas ki otorize.

Aprann plis sou Pèmi pou Pakin pou Ajans ki gen ki gen Otorizasyon.

 

Pèmi pou Òganizasyon ki pap Travay pou fè Lajan, Chèf Relijye ak Biznismann

Pèmi ànyèl Pou Pakin Nan Lari (AOSPP) – Yo bay li ak òganizasyon ki pap travay pou fè lajan pou yo gen posiblite pou yo pakin pandan yon tan ki pa twò long nan kèk espas ki rezève pou sa pandan y ap fè travay òganizasyon an.

Aprann plis sou Pèmi Anyèl Pou Pakin Nan Lari.

 

Pèmi Pakin Pou Chèf Relijye – Yo bay li ak chèf relijye ki ta bezwen pakin machin pa yo pandan y ap fè travay ki gen rapò ak aktivite relijye yo. Yo pèmèt yo pakin machin pou jiska senk (5) èdtan nan espas kote moun pa dwe pakin ki toupre legliz yo konn adore a, jiska kat (4) èdtan nan espas ki toupre ponp finèb, e pou jiska twa (3) èdtan nan espas ki toupre lopital.

Aprann plis sou Pèmi Pou Pakin Pou Chèf Relijye.

 

9/11 Pèmi Pakin Pou Bus – Yo bay li ak chofè bis pou touris pou vizite 9/11 Memorial and Museum pou yo pakin nan espas yo rezève pou yo a. Yo mete zòn sa yo pi ba a Ri Houston nan Anba Manhattan.

Aprann plis sou Pèmi Pakin Pou Bis 9/11.

 

Pèmi Pou Vwayaje Sou Vwa Rapid – Yo bay li ak tout konpayi ki gen anbilans, ti bis, navèt ak machin ki gen plak otobis. Pèmi sa a pèmèt ou gen aksè ak machin yo pou plizyè aktivite (HOV) wout sou Long Island ak Gowanus Otowout.

Aprann plis sou Pèmi Pou Vwayaje Sou Wout Eksprès.

 

Pèmi Pou Vwayaje Sou Otowout – Pèmi sa a pèmèt anpil pasaje pou yo pran transpò piblik (tankou ti bis ak bis lekòl yo) ak machin konstriksyon nan wout NYC ki gen restriksyon sou pwa lou ke ti machin konn itilize lepisouvan. Yo plis bay pèmi ak machin k ap fè transpò piblik volontèman yo, lekòl yo, ak kan dete yo. Yo bay pèmi konstriksyon sèlman ak konpayi k ap fè reparasyon ak rekonstriksyon wout pwomnad yo ak wout ki kwaze yo. Demann pou pèmi sa yo egzamine pa enjenyè NYC DOT yo yon fason pou yo ka asire yo pa gen okenn machin pwa lou ki reprezante yon danje pou sekirite sou wout la.

Aprann plis sou Pèmi Pou Vwayaje Sou Otowout.
 

Demann Pou Yon Pèmi Ki Ka Itilize Yon Sèl Fwa Nan Lari (Single Use On-Street Application, SUOS) – Yo bay li nan yon bi byen patikilye kote yo deja chwazi espas ki pou pakin nan oubyen nan kèk zòn byen idantifye kote moun nan deja konnen konbyen tan l ap fè. Yo pa bay li pou aktivite komèsyal oswa pou machin ki nan aktivite komès.

Aprann plis sou Demann Pou Yon Pèmi Ki Ka Itilize Yon Sèl Fwa.

 

Pèmi pou Moun Vwayaje Nan Lari – Pèmèt machin ki apwouve yo vwayaje Trinity Place/Church Street Busway nan Battery Park ak Greenwich Street, konsa y ap ka gen aksè ak kay ki nan zòn busway yo.   

Jwenn Plis Enfòmasyon Sou Sèvis Nou Yo.

       

Lòt Enfòmation sou Pèmi NYC yo: 

Enfòmasyon yo disponib sou lòt Pèmi NYC DOT yo. Enfòmasyon sou pèmi pou konstriksyon NYC DOT yo disponib tou sou nycstreets.net.