Pèmi sa pèmèt kamyonèt, bis, ak machin pwa lou konstriksyon yo gen aksè ak seksyon wout pwomnad NYC ki disponib sèlman pou pasaje ki gen machin oto yo akoz restriksyon sou pwa.

Si ou deja abitye ak pèmi pou vwayaj sou otowout, oswa ou gentan gen pèmi an, ou kapab vle avanse ale nan seksyon ki pou nouvo aplikan ak moun ki gentan gen pèmi.  Si w ap renouvle pèmi pou Vwayaj sou Otowout la epi ou abitye avèk NYC DOT Parking Permits, ou kapab ale dirèkteman nan paj Aplikasyon pou Vwayaj sou Otowout.

Istorik Pèmi an

Depi okòmansman yo te fè wout pwomnad Vil Nouyòk yo pou sèlman pasaje ki gen machin oto.  Yo pa t konstwi pon sou wout pwomnad yo pou sipòte pwa anpil kamyon, bis, ak lòt machin pwa lou. Anplis de sa, anpil wout anba tè nan wout pwomnad yo gen sèlman ase espas pou pasaje ki gen ti machin yo.  Men, Kamyonèt, bis, ak kamyon ki gen yon objektif presi kapab pran pèmi sa pou yo ka gen aksè limite sou wout pwomnad yo.

 

1. Ki wout pwomnad ak Otowout ki egzije pou w sèvi ak pèmi sa pou machin pwa lou?

  • Belt Parkway
  • Bronx River Parkway
  • Cross Island Parkway
  • Eastern Parkway
  • FDR Drive
  • Grand Central Parkway (ant Pon Triboro ak Van Wyck Expressway sèlman, eksepte machin konstriksyon yo)
  • Harlem River Drive
  • Henry Hudson Parkway
  • Hutchinson River Parkway (Bronx seksyon sou wout pwomnad la sèlman)
  • Mosholu Parkway
  • Pelham Parkway
  • Korean War Veterans (Richmond) Parkway

 

2. Kiyès ki kalifye pou aplike?

Jeneralman yo bay kat kalite itilizatè pèmi sa yo:

  1. Òganizasyon ki p ap fè lajan, Kan dete, ak lekòl ki gen plizyè machin k ap transpòte elèv, granmoun oswa moun andikape.                       
  2. Moun k ap fè ale vini, ti bis, ak ti anbilans
  3. Machin biznis yo aseksib sèlman pou itlize wout pwomnad yo.
  4. Machin antretyen ak konstriksyon ki mande pou gen aksè pou yo ka netwaye ak repare wout pwomnad oswa pou fè travay konstriksyon ki kole ak wout pwomnad yo.  

 

3. Ki dire pèmi sa a?

Pifò Pèmi pou vwayaj sou otowout dire yon ane, eksepte pèmi pou machin konstriksyon yo ki dire jeneralman menm kantite tan ak pwojè a.

 

4. Eske pèmi mwen an valab toutan?

Yo bay pèmi yo pou yon kantite minimòm èdtan ak jou nesesè pou aktivite a. Bis yo gen pèmi valab sèlman lè y ap transpòte pasaje.

 

5. Ak kisa pèmi an sanble?

Pèmi an gen fòm rektang avèk yon logo NYC sou li. Pèmi an gen lis kondisyon pou itilize l la sou li, sa gen ladan dat ekspirasyon an, pòsyon nan wout la ki otorize, lè pou vwayaje. 

 

6. Eske Pèmi Vwayaj sou Otowout pèmèt mwen kondui machin sou nenpòt otowout ki gen restriksyon nan vil Nouyòk?

Pèmi an pèmèt ou gen aksè ak wout yo apwouve nan pèmi w lan.

 

7. Eske m ka itlize pèmi sa pou m vwayaje sou vwa HOV pwomnad yo?

NYC DOT gen yon pèmi HOV apa pou moun k ap vwayaje sou vwa sa yo. Ale sou Paj Pèmi HOV lan pou plis enfòmasyon.

 

8. E si machin mwen pa kalifye pou kalite pèmi sa a, men m toujou bezwen vwayaje sou wout pwomnad?

Ale sou sit entènèt NYC DOT pou aprann plis konsènan pèmi pou Kamyon ak machin komèsyal nan NYC, sa gen ladan lòt pèmi NYC DOT.

 

9. Eske m ka jwenn yon pèmi pou machin pèsonèl mwen

Ti bis pèsonèl, kamyon, oswa lòt machin pèsonèl sou wout ki pa gen restriksyon sou pwa lou, pa kalifye pou jwenn pèmi sa a.

 

10. Kijan pou mwen aplike?

W ap kòmanse pwosesis la lè w kreye yon kont NYC DOT Parking Permits. W ap bezwen yon adrès imèl pou kreye kont NYC DOT Parking Permits a. 

 

11. Kijan pwosesis aplikasyon an fonksyone?

Pou tout machin ki pa machin konstriksyon, Se Inite Sèvis Kliyantèl ak Paking NYC DOT (Parking & Customer Service Unit, PCS) la ki ap revize aplikasyon yo. Estaf PCS la pral egzamine eleman ki nan aplikasyon w lan, tankou wotè ak pwa, epitou ki wout yo otorize machin nan pran. Si w manke dokiman yo egzije yo nan etap sa, yon manm nan estaf PCS la pral mande w voye sou entènèt nenpòt dokiman nesesè.  W ap resevwa yon mesaj notifikasyon yonfwa yo apwouve aplikasyon w lan.

Si machin ou an se yon machin konstriksyon ki enplike nan konstwi oswa pran swen wout pwomnad la, PCS pral egzamine aplikasyon w lan epi li kapab kontakte w pou mande w fè chanjman nan aplikasyon an oswa mande w voye plis dokiman. Yonfwa aplikasyon w konplè, y ap voye l ale bay Enjenyè Pon ak Kamyon nan NYC DOT pou egzamine l.  Apre revizyon sa a, gen kèk aplikasyon yo voye tou bay Enjenyè DOT nan Eta Nouyòk. Si yo apwouve wout ou a, PCS ap kontakte w pa mwayen imèl.

 

12. Eske se mwen k ap vin pran pèmi mwen an, oswa se pa lapòs y ap voye l pou mwen?

Si w gen mwens pase 30 pèmi ki apwouve, PCS ap voye yo pa lapòs pou ou. Si w gen 30 oswa plis pèmi yo apwouve, ou dwe vin pran yo nan biwo PCS la:

Depatman Transpò nan Vil Nouyòk

Pèmi pou Paking ak Sèvis Kliyantèl

30-30 Thomson Avenue

(Antre nan 30th Place, toupre 47th Avenue)

 

13. Konbyen tan pwosesis la pran?

Jeneralman pwosesis la pran dis jou soti lè nou resevwa aplikasyon w lan pou rive lè nou fin egzamine pwosesis la.

 

14. Yonfwa yo apwouve yon pèmi, konbyen tan sa pran pou m resevwa pèmi m nan?

Apre nou fin voye pèmi an pa lapòs, li ka pran jiska dis jou pou resevwa pèmi w lan.

 

Pou nouvo aplikan yo ak moun ki gen pèmi deja

15. Eske m ka voye yon aplikasyon sou papye pa lapòs?

Nou pa aksepte aplikasyon sou papye ankò.  Ou dwe konekte sou kont NYC DOT Parking Permits ou an pou ye aplikasyon ale. 

 

Pou moun ki gen pèmi deja

16. Kijan pou afiche pèmi an?

Mete pèmi an sou dach machin nan epi afiche l toutan lè w ap kondui nan seksyon wout pwomnad ki mande pou ou gen pèmi an.

 

17. Kisa pou mwen fè si pèmi m nan pèdi oswa si yo vòlè l?

Si ou pèdi pèmi ou an oswa yo vòlè li, men kisa pou ou fè: 

  1. Ranpli fòmilè nan paj pèdi/vòlè/pa janm resevwa.
  2. W ap bezwen legalize fòmilè a.
  3. Yonfwa li legalize, w ap bezwen ale nan komisarya polis nan sikonskripsyon kote w pèdi pèmi an oswa kote yo vòlè l la.
  4. Nan komisarya a, mande yon rapò polis epi yon nimewo plent. 
  5. Voye sou entènèt rapò polis la ak fòmilè legalize a

N ap ranplase pèmi w la yonfwa yo apwouve epi voye demann ou an ale.

 

18. E si mwen pa resevwa pèmi mwen an? 

Si sa pran plis tan pase 10 jou depi yo te voye pèmi w lan, swiv menm enstriksyon pou yon pèmi ki pèdi oswa yo vòlè.

 

19. E si mwen vle chanje plak machin ki sou pèmi an?
Ale sou paj pwofil òganizasyon epi swiv enstriksyon yo.

 

20. Ki kote mwen ka jwenn plis enfòmasyon machin komèsyal yo, sa gen ladan jwenn pèmi pou machin ki gen pwa depase yo?

Vizite sit entènèt NYC DOT pou jwenn plis enfòmasyon konsènan: