Enfòmasyon enpòtan pou sèvi ak sistèm aplikasyon anliy lan pou fè demann yon pèmi pou pakin NYC.

 

Kisa ki Aplikasyon Pakin Otorize a (NYC DOT Parking Permits)?

Aplikasyon Pakin Otorize nan Vil Nouyòk (NYC DOT Parking Permits) se yon fason byen fasil e Pratik pou aplike pou pèmi epi jere demann pèmi pakin ou an anliy. Depatman Transpò nan NYC Nouyòk (NYC DOT) ap bay pèmi pou pakin, sa gen ladan moun andikape yo, NYC DOT Parking Permits pou ajans k ap travay pou gouvènman an, epi yo bay òganizasyon ki p ap fè lajan ak biznis yo pèmi tou. NYC DOT Parking Permits pral ranplase sistèm pèmi anliy ki genyen kounye a.

 

Ki diferans ki genyen ant pèmi anliy ak NYC DOT Parking Permits an reyalite?

Pèmi anliy lan te gen fonksyonalite limite sèlman pou pwosesis anliy yo, alòske NYC DOT Parking Permits bay aplikan yo aksè ak aplikasyon pèmi pou pakin, voye l ale, gade nan ki nivo pwosesis la ye. Anplis de sa, NYC DOT Parking Permits ap pèmèt moun ki gen pèmi yo renouvle pèmi yo anliy.

 

Ki avantaj NYC DOT Parking Permits genyen?

NYC DOT Parking Permits Se yon aplikasyon anliy ki totalman pwoteje. NYC DOT Parking Permits bay moun ki fè demann pèmi pou pakin yo pou voye sou entènèt fòmilè ak lòt dokiman yo mande yo. Sit sa a tou bay aksè toutan ak enfòmasyon sou pèmi pou pakin epi mesaj notifikasyon konsènan mizajou sou kondisyon aplikasyon w lan. Yo kreye NYC DOT Parking Permits ak yon nivo pwoteksyon ki pi wo e l ap diminye sou pwosesis ki fèt sou papye yo.

 

Kijan pou mwen kreye yon kont NYC DOT Parking Permits?

Vizite paj Kreye yon kont pou aprann plis.

 

Eske gen yon frè pou kreye yon kont NYC DOT Parking Permits Kijan pou mwen peye frè pèmi yo?

Tout pèmi NYC DOT Parking Permits yo gratis Pa gen frè pou kreye yon kont NYC DOT Parking Permits.

 

Kijan pou m reyinisyalize non itilizatè m oswa modpas mwen?

Sou paj Kont mwen an, klike sou reyinisyalize modpas epi swiv enstriksyon ki sou paj la.

 

Kijan pou m enskri pou m ka resevwa mesaj notifikasyon?

Pou pifò tip pèmi yo, mesaj notifikasyon an ap enstale otomatikman lè w ap enskri nan NYC DOT Parking Permits.

Yo pa mande adrès imèl pou aplikasyon pèmi pou andikap ou a.  Men, si w bay adrès imèl ou, n ap voye notifikasyon konsènan mizajou imedya aplikasyon w la.

 

Konbyen tan pwosesis demann pèmi an pran?

Kantite tan yon demann pèmi ap pran depann de ki tip pèmi a. Tanpri ale sou paj pèmi an espesyalman pou jwenn plis detay. Men, tanpri sonje pèmi espesyal pou andikap yo kNYC DOT Parking Permitsb pran jiska katrevendis (90) jou.

 

Konbyen tan sa pran pou m resevwa pèmi pou pakin mwen an?

Tanpri ale sou paj pèmi an espesyalman pou jwenn plis detay. Yo voye pifò pèmi pa lapòs aprè jou yo fin enprime yo a, sepandan, si se pa sitiyasyon difisil nou pa gen kontwòl sou yo nan NYC DOT, li pa ta dwe pran plis pase yon (1) semèn apre sa pou resevwa pèmi an. 

 

E si mwen pa resevwa pèmi mwen an? 

Si sa pran plis pase dis (10) jou ouvrab depi lè yo voye pèmi an pa lapòs pou ou, tanpri ale sou paj pèmi an espesyalman pou jwenn plis detay.  Si se pa lapòs yo te voye pèmi pou andikap ou a, tanpri ranpli fòmilè Pa t janm resevwa (Never Received) epi voye l nan biwo sa a.  Si w gen lòt kesyon, ou kNYC DOT Parking Permitsb kontakte tou Biwo pèmi ak Sèvis Kliyantèl la nan nimewo ak adrès ki anwo yo.

 

Eske m ka toujou voye pa lapòs yon aplikasyon sou papye?

Ou kNYC DOT Parking Permitsb toujou voye yon aplikasyon sou papye pou tout pèmi pou pakin pou andikap. Pou tout lòt pèmi yo, ou dwe ale sou sit entènèt NYC DOT Parking Permits a. Tanpri verifye paj ki bay enfòmasyon presi sou pèmi an pou jwenn plis detay.

 

Kiyès k ap jere NYC DOT Parking Permits?

Pèmi pou Pakin ak Biwo Sèvis Kliyantèl nan NYC DOT ap jere NYC DOT Parking Permits. Sa gen ladan yon estaf ki gen plis pase 50 anplwaye ki bay apeprè 100,000 pèmi pou pakin chak ane.

 

Ki pèmi pou pakin NYC ki disponib sou NYC DOT Parking Permits?

Ou ka jwenn pèmi espesyal pou moun ki andikape yo, pèmi pou gouvènman ak òganizasyon ki p ap fè lajan yo, klèje ak biznis nan paj Pèmi yo.